Èske w se yon bon moun?


Franchman m ap poze tèt mwen kesyon èske se kapab m pa kapab ? oubyen se move mwayen an m itilize ? finalman èske l twò ta? Malgre larezon m fèm santi li enposib pou lafwa chanje Ayiti m toujou gen menm sansasyon an, yon esperans ! se sa k patriyotis la ? oubyen se sak foli a ?

Souvan M anvi louvri je kèk moun, men yo grangou, ni mwen tou. M anvi di kèk moun men kote pou yo gade, se pa sak enterese yo, yo gen lòt responsabilite, mwen menm tou. M anvi reflechi ak kèk moun, men yo pa gen lajan, ni mwen tou. M jwenn plizyè gwoup jèn, men yo pa motive, ni mwen tou. M mobilize detwa granmoun yo pa gen fòs ankò. Mwen sansibilize moun sou sakap fèt ki pa bon nan peyi a, yo pati kite peyi a. Mwen chita m ekri mesaj pou m enplike antouraj mwen, pou yo fouye bouch yo men longè nan sa kap pase nan peyi sila, men yo pa reyaji. Finalman èske se mwen ki plis renmen peyi a? li enposib pou se ta sèl mwen.

Depi m tou piti, nan pawòl ak abitid paran m melanje ak bò lakay mwen, mwen aprann respekte chak senbòl ki raple n pilye ki pote nasyon nou an, dat yo, moniman yo, tradisyon yo, pase n,  fyète n, drapo n, elatriye. fòm levasyon sa aprann mwen responsab epi byenveyan pou m pwoteje eritaj ak listwa peyi a pou m byen transmèt yo bay pi piti yo. Lwazi m te konn pran te fèm konnen kisa kilti vle di, kijan l enpòtan pou konnen orijin ki ka anrichi valè chak sitwayen ayisyen, pou yo fyè de sa yo ye a. Anbyans granmoun lontan yo aprann mwen respekte tout moun menm sila yo ki ta vle panse mal pou peyi yo. Eske se mwen ki pi byen leve pou sa? Eske se mwen ki plis respekte senbòl yo pou sa? Eske se mwen ki gen pi bon konsyans pou sa? Men non! Jamè jamè jamè!

Ou menm k ap li konya, ou se pi bon vèsyon eritye ki te ka genyen pou nasyon an, nenpòt kote w ye a, ou pa p ka separe w de ayisyanite w, de responsabilite w, de kilti w, de pase esklavaj sa ki nan lonbraj ou a, de viktwa kont ensjistis pou yo te anpeche w moun lan. Se sa w fout ye -tonnè! Ou se yon gèrye ki dwe kontinye yon konba ki apèn komanse, libere nasyon w ! leve tèt ou pouw gade eta l epi pale. Ou pa bezwen fe diskou ni ekri tout bagay sa yo menm jan avè m, di non ak lavi chè sa ! di w pa dakò ak politik dwategòch sa ! di se fini ak mantalite rabòday sa ! epi kite l mache !

Nanpwen move sansasyon se lè w santi w pa gen fòs ak vwa pou w denonse yon dividal bagay ki pa fè w byen, lè w poukont ou. Ou kwè Sen Ogisten ta pale pou granmesi lè l te di : pèsòn pa gen dwa obeyi yon prensip k ap fè enjistis. NON NON, Li pap ka konsa !

Mesaj sa se pou tout moun ki santi yo menm jan avè m, ki santi yon raj pou chanje peyi sa menm si nou p ap ka jwi rezilta yo. Mesaj sa pou tout moun ki gen sansasyon kote yo santi yo pat fèt nan peyi sila pou yo oblije kite l. Mesaj sa pou tout moun ki santi yon ti vwa nan konsyans yo ki mande yo pran pozisyon epi kanpe dan. Mesaj sa se pou tout moun ki dakò, ki di tèt yo, sa pa fè anyen si yo sakrifye lavi yo pou asire avni sak pi piti yo, ti inosan yo. Mesaj sa se pou tout sa souf yo preske koupe, ki envizib nan je sila yo k ap byen pase, k ap peze souse. Mesaj sa se pou tout kamikaz ki anvi disparèt sou ti bout Ayiti sa pandan  y ap tou ale avèk tout ladjòkèt ki ladanl yo.

Si w wè w pa bay peyi sa regle anyen pou ou, MANDE TÈT OU : ÈSKE W SE YON BON MOUN ? ÈSKE W SE YON BON AYISYEN ?

Arthur PIERRE, Le loup Solitaire

Commentaires

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

REPÈRES

Féminisme et patriarcat : Déconstruction, éducation ou affrontement

Brulant Souvenir