Èske w se yon bon moun?

Franchman m ap poze tèt mwen kesyon èske se kapab m pa kapab ? oubyen se move mwayen an m itilize ? finalman èske l twò ta? Malgre larezon m fèm santi li enposib pou lafwa chanje Ayiti m toujou gen menm sansasyon an, yon esperans ! se sa k patriyotis la ? oubyen se sak foli a ? Souvan M anvi louvri je kèk moun, men yo grangou, ni mwen tou. M anvi di kèk moun men kote pou yo gade, se pa sak enterese yo, yo gen lòt responsabilite, mwen menm tou. M anvi reflechi ak kèk moun, men yo pa gen lajan, ni mwen tou. M jwenn plizyè gwoup jèn, men yo pa motive, ni mwen tou. M mobilize detwa granmoun yo pa gen fòs ankò. Mwen sansibilize moun sou sakap fèt ki pa bon nan peyi a, yo pati kite peyi a. Mwen chita m ekri mesaj pou m enplike antouraj mwen, pou yo fouye bouch yo men longè nan sa kap pase nan peyi sila, men yo pa reyaji. Finalman èske se mwen ki plis renmen peyi a? li enposib pou se ta sèl mwen. Depi m tou piti, nan pawòl ak abitid paran m melanje ak bò lakay mwen...